Ki jan pou rete enfòme?

The New Housing Initiative Project
Feb 05, 2025By The New Housing Initiative Project

Byenveni nan anbochaj ki rele Imigrasyon: Ki jan pou rete enfòme san ou pa pèdi sante ou!

Men, anvan ou jete telefòn ou nan lanmè a, pran yon gwo souf. Nouvo Pwojè Inisyativ Lojman an (New Housing Initiaitve Project) isit la pou ede ou navige klèman ak konpasyon sa yo rele imigrasyon.

Konsa, pwan kafe ou, fè w konfòtab, epi an nou pale sou ki jan pou rete enfòme sou tout nouvèl imigrasyon san ou pa pèdi tèt ou.

1. Jounal: Twous siviv pou dezòd imigrasyon yo

Abòne w nan yon jounal ke yo fè konfyans tankou Konsèy Imigrasyon Ameriken an (American Immigration Council), Konsèy Refijye USA (Refugee Council USA), oswa gwoup defans lokal ou yo. Bwat email ou kap tankou li te frape pa yon siklòn lejislatif, men omwen ou pral gen reyalite yo anvan reklamasyon vwazen ou ki ka di, "Mwen tande imigran kounye a jwenn teslas gratis." (Gade: se pa vre!)

2. Medya sosyal: Yon benediksyon ak yon madichon

black iphone 4 on brown wooden table

Wi, medya sosyal yo se yon distraksyon-yon minit, w ap tcheke nouvèl imigrasyon, yon lòt minit w ap gade yon bèt kap danse. Men, medya sosyal ka aktyèlman lò lè ou bezwen dènye nouvèl imigrasyon. Ajans gouvènman yo tankou USCIS (@USCIS), UNHCR (@refugees), ak avoka imigrasyon toujou afiche dènye nouvèl imigrasyon serye.

Men, pran prekosyon w: medya sosyal se yon kote ki gen anpil rimè. Si yon kont ki rele "ImigrasyonSecrets2025" reklame ke Etazini kounye a aksepte aplikasyon pou sitwayènte atravè DM, tanpri, verifye anvan ou aji.

3. Avoka Imigrasyon: Majisyen chanjman Imigrasyon 

A red tome covering immigration law and a judge gavel on it

Avoka imigrasyon yo tankou majisyen -ou ka pa toujou konprann lang yo, men yo kenbe pouvwa pou gide ou nan dezòd imigrasyon a. Konnen yon sèl avoka impotan. Si anboche yon avoka se kòm si wap achte yob pwopriyete nan plaj, pa panike. Anpil òganizasyon san bi likratif tankou RAICES, HIAS, ak sant defans imigran lokal yo ofri asistans legal gratis oswa ki ba-pri. Yo pral ede w navige sistèm lan san ou pa pèdi nan yon lanmè dokiman imigrasyon.

4. Sit entènèt Gouvènman an: Raz men esansyèl

Mwen konnen- li sit entènèt gouvènman raz men impotan. Sit tankou uscis.gov (pou imigrasyon ameriken) ak travel.state.gov (pou viza ak dènye nouvèl vwayaj) gen ofisyèl nesesè. Wi, pawòl yo konplike men omwen ou pral konnen ke enfòmasyon sa yo legal.

5. Gwoup defans lokal yo: Ekip Espesyal ou 

Reflechi sou gwoup defans imigrasyon lokal yo kòm superheros nan katye ou-yo goumen pou dwa imigran, bay resous, epi ede kraze règleman imigrasyon ak konfizyon nan lang moun pale. E, yo souvan òganize reyinyon, klinik legal, ak evènman kominote yo (pafwa ak ti goute gratis). Patisipe konekte w ak moun ki aktyèlman konnen sa w ap pase. Paske eksplike règleman imigrasyon gen anpil konfizyon.

6. Alèt Google: Paske ou pa gen tan 

Si ou pa gen enèji pou tcheke plizyè sous chak jou paske, ou gen lòt bagay pou fè. Site Google fè travay la pou ou. Mete kanpe Alèt Google ak mo kle tankou "politik imigrasyon 2025" oswa "dènye nouvèl DACA" pou ou jwenn notifikasyon chak fwa gen yon bagay pi gwo kap pase. Nan fason sa a, ou toujou konnen.

7. Pran ti repo

Rete enfòme enpòtan, men nouvèl imigrasyon ka fatigan. Konsa, si li  akablan, pran yon ti repo. Gade tele, ale fè yon ti mache, oswa manje yon ti krèm glase. Ou pa bezwen absòbe chak chanjman imigrasyon jis rete enfòme ase pou defann tèt ou ak lòt moun.

8. Verifye, Verifye, Verifye

Si w tende "Tout kat vèt yo kounye a pral enprime sou papye rouj!" pa kwè!
"Ou kapab kounye a aplike pou azil si ou soumèt yon defi TikTok dans!" Definitivman pa kwè. Anvan ou panike (oswa selebre), tcheke, tcheke, tcheke tout infomasyon yo ak sous ou fè konfyans. Epi sonje: si infomasyon yo twò ridikil yo dwe pa vre.

Panse final: panse a sante w

Wi, nouvèl imigrasyon ka konplike anpil, pafwa tris. Men, ak zouti yo e anpil pasyans, ou ka rete enfòme san ou pa pendi tèt ou.

Konsa, kenbe kalm ou, mete konfyans ou nan sous ou, epi sonje-ou kapab! 

Ankò, rete byen enfòme!

Bonne chance et à bientôt...

(Kontni blog sa a pou enfòmasyon ak amizman sèlman. Malgre ke nou vle sèvi ak sous serye, nou rekòmande pou verifye detay yo endepandamman, konsilte ekspè yo si sa nesesè, ak pran desizyon ki byen enfòme ki baze sou plizyè referans)